
Pandan ou Ozetazini, ou genyen dwa pou ou:
Vizite sit MigrantWorker.gov pou jwenn plis enfòmasyon sou dwa sa yo
SI YO PA RESPEKTE DWA W YO, KONTAKTE LIY TELEFÒN DIJANS POU LITE KONT TRAFIK MOUN NAN 1-888-373-7888 (ANNDAN ETAZINI), TEKSTE “HELP” NAN 233733 (ANNDAN ETAZINI) OUBYEN VOYE IMÈL BAY HELP@HUMANTRAFFICKINGHOTLINE.ORG.
TOUT APÈL YO ANONIM, KONFIDANSYÈL EPI SAN DANJE, SAN GADE SOU STATI IMIGRASYON W. GENYEN ESPESYALIS KI BYEN FÒME KI DISPONIB POU EDE NAN PLIS PASE 200 LANG. JWENN PLIS ENFÒMASYON SOU SIT WWW.HUMANTRAFFICKINGHOTLINE.ORG.
Si ou an danje lapoula pandan ou Ozetazini, rele nan 911 pou kontakte lapolis lokal lan. Di ki kalite ijans ou genyen, kote ou ye, epi bay telefòn kote wap rele an. Genyen moun pou tradwi pou ou si ou bezwen sa.
Si ou te fè aplikasyon pou yon viza non-imigran pou travayè nan kay A-3, B-5, H, J, NATO-7, TN oswa B-1, ou ta dwe resevwa feyè sa a swa:
Ofisye konsila US yo vle ede ou konprann dwa ou genyen Ozetazini epi yo disponib pou reponn nenpòt kestyon ou ta poze.
Ou kapab tou resevwa asistans nan men konsil peyi ou nan Etazini a travè yon pwogram patenarya Depatman Travay lan ki rele Pwogram Patenarya Konsilè Depatman Travay (ann anglè se U.S. Department of Labor’s Consular Partnership Program, CPP). Nan CPP an, konsila peyi ou kapab ba ou asistans pou jwenn resous, epi ba ou apwi pou depoze yon plent si ou panse moun pa respekte dwa ou yo. Pou jwenn yon list peyi ki nan patenarya an, vizite sit: https://www.dol.gov/.
Patwon ou pa kapab revoke ou, maltrete ou, ni refize peye ou difèt ke ou egzèse dwa w yo.
1. Touche yon Salè Ekitab
• Ou travay nan yon Eta, vil, Konte oswa lokalite ki genyen yon salè minimòm ki plis.
• Kontra travay ou oswa pwogram viza ou egzije sa.
• Si ou travay plis pase 40 èdtan chak semèn, patwon ou kapab oblije peye ou 1.5 fwa salè nòmal ou pou èdtan ekstra yo. Pa egzanp, si ou touche $10 pa èdtan, ou kapab touche $15 pou chak èdtan siplemantè ou travay.
Si ou genyen kestyon oubyen pwoblèm sou lajan salè oswa chèk salè ou, rele nan 1-866-487-9243, oubyen vizite yon Biwo lokal pou afè Salè epi Orè Travay ki rele Wage and Hour Office: www.dol.gov/agencies/whd/contact/local-offices.
2. Travay nan yon Kote ki Sen epi San Danje
Lye-travay San Danje: Patwon ou anba obligasyon pou li kenbe lye-travay ou sen epi san danje.
Fòmasyon: Patwon ou dwe ba ou enfòmasyon epi fòmasyon sou danje ki gen nan travay lan, kijan pou evite aksidan oswa chòk, règ sekirite epi sante pou lye-travay ou. Se pou fòmasyon an fèt nan yon lang ou konprann.
Ekipman Sekirite Obligatwa: Ou gen dwa pou ou resevwa ekipman sekirite ki obligatwa, tankou gan oswa anè oubyen liy sekirite pou anpeche moun tonbe, epi se pou patwon ou aprann ou kijan pou ou sèvi konvnableman avèk ekipman an.
Rapòte Nenpòt Chòk oswa Maladi ki gen rapò avèk travay lan: Ou gen dwa pou ou rapòte nenpòt chòk oswa maladi, epi pou ou wè epi resevwa kopi dosye medikal ou nan men patwon ou.
Depoze yon Plent sou Sekirite epi Sante: Si ou panse kote ou travay lan gen danje ladan l oubyen pa bon pou sante ou, oumenm (oswa yon moun kap reprezante ou) kapab depoze yon plent konfidansyèl nan ajans sekirite nan travay lan ki rele Administrasyon Sekirite ak Sante nan Travay (Occupational Safety and Health Administration, OSHA). Si ou kapab, sa ta bon si ou vini avèk yon lòt travayè kòm temwen si ou di patwon ou genyen kondisyon danje epi voye tou enkyetid ou nan tèkst oswa imèl pou kapab genyen yon dosye ekri. Ou kapab pale apa epi an tout konfidansyalite avèk enspektè OSHA yo epi wè rezilta enspeksyon yo oubyen analiz yo fè pou wè si genyen kondisyon danjere.
Pwoteksyon kont reprezay: Ou kapab denonse danje ki gen nan travay lan. Ou gen dwa pou ou depoze yon plent nan OSHA si ou panse patwon ou ap pini ou difèt ou bay alèt sou kondisyon danje pou sekirite epi sante, depoze yon plent avan 30 jou pase apre sipoze pinisyon an. Pou plis enfòmasyon, vizite: www.whistleblowers.gov.
Pou plis enfòmasyon sou Dwa Travayè anba OSHA, vizite: www.osha.gov/workers.
Tretman Medikal: Ou kapab wè yon doktè oswa enfimyè pou kont ou si ou bezwen fè sa. Si ou ta vin blese oswa malad, se pou patwon ou peye swen medikal ou resevwa, epi ou ta pèdi yon pati nan lajan salè ou. Mande kopi nenpòt dokiman nan men doktè ou, klinik oswa lopital lan. Nan pi fò ka yo, ou kapab fè demand pou konpansasyon travayè nan eta kote ou travay lan, ki se yon peman lajan pou blesi oswa maladi ki gen rapò avèk travay lan. Jwenn biwo lokal ou pou mande konpansasyon travayè isit lan: www.dol.gov/agencies/owcp/wc.
Lojman: Si patwon ou bay lojman, se pou li pwòp epi san danje. Se pou yo pèmèt ou kite lojman ou an tout libète.
Twalèt: Se pou twalèt yo pwòp epi fasil pou jwenn aksè ladan yo. Se pou patwon ou kite w al nan twalèt depi ou bezwen sa epi bay stasyon ki gen dlo avèk savon oubyen lòt bagay pou lave men ou.
Dlo Potab: Ou gen dwa pou ou resevwa dlo pwòp pou bwè san ou pa peye.
Chalè: Se pou patwon yo ki kouvri anba OSHA pwoteje ou kont tanperati ki ekstrèm epi se pou yo gen yon pwogram pou anpeche chalè fè moun malad.
Si w ap travay avèk oswa nan zòn petisid oswa pwodwi chimik ki danjere, se pou patwon ou:
Si ou panse travay ou gen danje ladan l epi ou vle yon enspeksyon oubyen ou vle plis enfòmasyon sou dwa ou, rele nan 1-866-4-USA-DOL oubyen vizite sit wèb Depatman Travay lan (dol.gov oswa migrantworker.gov).
Si ou se yon travayè H-2A ki gen kestyon oswa enkyetid sou sante epi sekirite nan lye-travay ou, lojman ou oswa transpò ou, telefone nan 1-866-487-9243 oswa vizite yon biwo salè epi orè travay ki rele Biwo Salè ak Èdtan (Wage and Hour Office): www.dol.gov/agencies/whd/contact/local-offices.
3. Mande Asistans nan men Sendika, oubyen Gwoup defans dwa Imigran epi Travayè
Nan pi fò ka yo, ou gen dwa pou ou:
4. Kite yon Travay
Kèlkeswa stati imigrasyon ou, ou kapab kontakte Liy Dijans pou Lite kont Trafik Moun lan si ou panse ou se victim trafik moun nan nimewo 1-888-373-7888 pou jwenn asistans oubyen Konsèy Nasyonal Relasyon Travay lan ki rele Konsèy Nasyonal Relasyon Travay (National Labor Relations Board) nan nimewo 1-844-762-6572 epi mande pou pale avèk yon Kowòdonatè Rejyonal sou Imigrasyon.
Pou konnen ki lòt resous ki genyen pou travayè yo oswa kiyès pou kontakte nan administrasyon Etazini si w gen pou pwoblèm espesifik, vizite: MigrantWorker.gov.
5. Pa Sibi Diskriminasyon ak Asèlman
6. Pa Sibi Eksplwatasyon
Si ou panse moun vyole dwa ou, rapòte sa bay Liy Telefòn Dijans Nasyonal pou Lite kont Trafik Moun lan nan nimewo 1-888-373-7888 (anndan Etazini) oubyen nan youn nan sit wèb yo ki liste sou paj 15 epi 16 nan panflè sa a. Si ou pa pale anglè, mande yon entèprèt pou tradwi pou ou.
Patwon ou dwe ba ou yon kontra travay ki an konfòmite avèk la lwa Etazini, ki genyen pa egzanp egzijans pou kontra an:
Veye pou ou byen konprann kontra an epi jwenn yon kopi kontra an. Pa siyen òkèn kontra si ou pa konprann kisa ki ladan l.
Se pou kontra an genyen ladan li, kòm minimòm:
Viza H-2A Travayè Agrikòl Tanporè
Patwon ou dwe:
Si ou se yon travayè H-2A oswa H-2B epi ou ta genyen nenpòt kestyon ouyen enkyetid sou dwa ou, rele nan 1-866-487-9243 oubyen vizite biwo lokal sou Salè ak Èdtan Travay lan: www.dol.gov/agencies/whd/contact/local-offices.
Pou Travayè Agrikòl Tanporè H-2A yo
Patwon ou dwe:
Pou Travayè Tanporè H-2B ki pa Agrikòl
Patwon ou dwe:
Viza pou Vizitè ak Echanj J-1
Voyaj pou Travay ann Ete
Sponnsò ou anba obligasyon pou bay asistans pou jwenn yon travay yon semèn apre rechèch travay ki fèt nan Etazini si ou soti nan yon peyi ki bay dispans viza epi ou te rive san ou pa genyen travay. Sponsò yo dwe tou pou yo founi yon asistans rezonab bay tout patisipan nan Vwayaj pou Travay ann Ete ki ta vle chanje travay pandan pwogram yo. Sponsò yo genyen pou yo aksede epi konfime premye plasman nan travay epi lòt plasman ki vini apre sa pou patisipan nan Pwogram Vwayaj pou Travay yo avan patisipan yo kòmanse travay jan sa dekri nan règleman pwogram lan.
Stajyè oswa Apranti
Sponnsò ou anba obligasyon pou li ba ou yon Plan Plasman/Staj Fòmasyon (Fòm DS-7002) ki genyen ladan li yon deklarasyon ekri sou nenpòt revni ou pral resevwa epi yon rezime objektif fòmasyon yo ki nan pwogram lan. Ou dwe genyen pou minimòm 32 èdtan travay chak semèn.
Sponnsò ou genyen pou li ba ou yon deklarasyon ekri sou depans epi frè ou pral genyen pou peye epi yon estimasyon depans kouran nan Etazini.
Sponnsò ou pral genyen pou li veye pou ou genyen pwoteksyon asirans pou swen doktè, evakyasyon epi rapatriman, men sponnsò an pa anba obligasyon pou li ba li ni peye pou li.
Au Pair:
Fanmi dakèy ou dwe pou li ede ou enskri epi asiste nan klas nan yon lekòl pòst-segondè epi peye jiska $500 nan pri sa koute pou klas sa yo. Si ou se yon au pair EduCare, fanmi dakèy ou dwe pou li peye jiska $1,000 nan pri sa koute pou klas sa yo.
Ou pa oblije travay pou plis pase 10 èdtan chak jou oswa 45 èdtan chak semèn. Si ou se yon au pair EduCare, ou pa oblije travay plis pase 10 èdtan chak jou ni 30 èdtan chak semèn.
Konseye lokal ou kapab kontakte ou chak mwa epi tcheke avèk fanmi dakèy ou regilyèman.
Yon viza non-imigran se yon dokiman leta Etazini ki pèmèt moun vini nan peyi Etazini pou rezon spesifik, pa egzanp pou travay, etidye, oswa patisipe nan yon pwogram echanj kiltirèl. Ou dwe fè aplikasyon an aletranje pou yon viza nan yon anbasad oswa konsila ameriken. (Nòt: Sitwayen kanadyen aplike pou admisyon avèk yon stati J-1 nan yon pò antre). Yon fwa ou resevwa viza an, ou kapab vini nan Etazini epi montre li bay yon ofisye imigrasyon Etazini (“ofisye CBP”) pou kapab antre. Si viza ou ta vin ekspire, ou bezwen yon nouvo viza avan ou retounen nan Etazini. Pou plis detay sou pwosesis aplikasyon viza an epi sou viza ameriken ou, vizite: usvisas.state.gov.
Lè yon ofisye CBP ba w otorizasyon pou antre Ozetazini, sa pral kreye otomatikman yon Fòm I-94 elektwonik (pafwa sa kapab yon dokiman sou papye). Fòm I-94 lan pral montre dat ou antre an, kalite viza an, epi dat limit pou ou kite peyi Etazini. Ou dwe pou ou kite Etazini avan dat limit pou sejou ou ki make ann anglè “admit until” lan pou rete legalman sòf si ou fè yon demand ekstansyon sejou ou nan Sèvis Sitwayènte epi Imigrasyon Etazini an (USCIS). Ou kapab verifye dosye I-94 ou an nan sit: https://i94.cbp.dhs.gov.

Trafik moun, ki rele tou trèt moun, se yon krim grav kote moun sèvi avèk fòs, fwod oswa kowèsisyon pou fòse yon lòt moun pou li bay travay oswa sèvis, oubyen pou li patisipe nan aktivite sèks pou lajan. Si nenpòt moun ki genyen mwens pase laj 18 an ap patisipe nan aktivite sèks pou lajan, sa konsidere tankou trafik moun menmsi pa genyen fòs, fwod ni kowèsisyon ladan l. Yon aktivite sèks pou lajan se echanj nenpòt bagay vale (tankou lojman, pwoteksyon, manje oswa lajan) kont sèks.
Liy Telefòn Dijans Nasyonal pou Lite kont Trafik Moun lan kapab oryante moun pou jwenn sèvis ki nesesè epi sipò lokal. Kontakte Liy Telefòn Dijans Nasyonal pou Lite kont Trafik Moun lan nan nimewo 1-888-373-7888 si oumenm oswa yon lòt moun ta sibi youn oswa plizyè nan sa yo:
Ou anba menas oswa ou pè
Pèsòn moun pa gen dwa itilize menas, laperèz, ni òkèn lòt kalite entimidasyon pou fè ou oubyen lòt moun santi ou twò pè pou ou eseye ale. Men kèk egzanp:
Fòse ou fè yon bagay pou peye yon dèt
Pèsòn moun pa kapab fè ou founi ni kontinye founi travay, sèvis oubyen aktivite seksyèl pou lajan, oubyen pou anpeche ou ale. Pèsòn moun pa gen dwa sanzatann chanje dèt ou pou fè sa vin pi difisil pou ou ranbouse li oubyen fè pou panse se pou ou kontinye travay jistan dèt lan fin ranbouse. Men kèk egzanp:
Pa kapab ale, pòte plent oswa mande asistans
Pèsòn moun pa gen dwa anpeche ni oumenm ni òkèn lòt moun pòte plent, oubyen chèche jwenn asistans. Men kèk egzanp: yo di ou pa kapab kite lye-travay lan oubyen yo limite ki kote ou kapab ale lè ou pa nan travay lan.
Yo ba ou manti
Pèsòn moun pa kapab ba ou manti ni twonpe ou pou fè ou travay oubyen fè aktivite seksyèl pou lajan. Men kèk egzanp manti oswa twonpri:
Èske Patwon ou Kapab fè Depòte w si Ou Pote Plent pou Abi?
Genyen pwogram ki pwoteje moun ki rapòte ka abi oswa maltretman. Pwogram sa yo pèmèt ou rete nan Etazini menmsi ou kite patwon ou. Ou pa dwe pè chèche jwenn asistans menmsi ou genyen pwoblèm imigrasyon. Telefone Liy Dijans pou Lite kont Trafik Moun lan nan 1-888-373-7888 pou kapab byen konprann opsyon ou. Liy Telefòn Dijans pou Lite kont Trafik Moun lan pa yon sèvis Leta ni lapolis.

Selon dire sejou w, ou kapab oblije genyen asirans sante pandan ou Ozetazini. Ou kapab kalifye tou pou jwenn asistans finansye pou ede bese pri asirans lan.
Avan ou pati pou vin Ozetazini, chèche konsèy nan men òganizasyon ki defann dwa travayè migran oubyen nan men ansyen travayè migran. Yo kapab ba ou non epi telefòn moun oswa òganizasyon ou kapab kontakte si ou ta gen pwoblèm oswa kestyon pandan ou Ozetazini.
Konsèy pou afè lajistis ou resevwa nan men patwon, yon kontraktè oswa yon rekritè kapab gen prejije. Chèche konsèy nan men yon avoka endepandan.
Se pou patwon ou peye ou san reta. Se yon pratik kouran nan Etazini pou travayè touche yon fwa chak de semèn, menmsi orè salè ou kapab diferan selon kontra travay ou.
Kenbe yon dosye detaye sou nenpòt kòmantè ki pa konvnab epi/oswa aksyon patwon ou fè kont ou epi ekri non avèk nimewo telefòn nenpòt temwen.
Yonfwa ou fin rive Ozetazini, sere paspò ou epi lòt dokiman vwayaj nan yon kote sekirize kote ou kapab jwenn aksè avèk yo nan tout moman. Sa illegal pou patwon ou sezi paspò ou.
Li toujou bon pou ou kenbe yon dosye ekri sou tout sa ki pase pandan tout tan wap travay. Jwenn yon kaye epi ekri tout jou avèk èdtan ou te travay yo, konbyen yo te peye ou, dat ou te touche, nenpòt dediksyon yo retire sou chèk salè ou, epi rezon pou dediksyon sa yo.
This pamphlet was created pursuant to section 202 of the William Wilberforce Trafficking Victims Protection Reauthorization Act of 2008, Public Law 110-457.